APLIKASYON TPS YO KOMANSE!!! (Janvier 21, 2010 a Juillet 21, 2011)

Akoz de tranbleman de te lan ki te ravage peyi d' Ayiti nan 12 janvye 2010 la, Gouvenman Ameriken, Janet Napolitano, anonse le 15 Janvier, 2010 ke Prezidan Obama avek administrasyon li anonse ke li bay Ayiti TPS menm jan avek lot peyi amerik latin yo. TPS: tanpore proteksyon Estati, se yon lwa ki bay moun ki abite nan peyi Etazini yon chans pou yo ka travay e regle aktivite tankou kondwi nan peyi an. Yap gen posibilite pou yo jwenn yon kat de sosyal sekirite avek pemi e lisans.
TPS se yon lwa ki te kreye pa Kongres avek Imigrasyon (Immigration Act of 1990). Se yon estati tanpore ke Etazini bay Sitizen yon peyi ki eskperyanse yon kon gran problem civil, yon dezaster nan environman an ou sityasyon ekstraodine ou swa kondisyon tanpore. TPS ofri anpil benefis pou moun ayisyen yo. Yo kapab viv en Etazini avek estate legal, travay e jwenn kat de sosyal sekirite yo e lisans pou yo kondwi nan peyi an. Pou on moun kalifye pou TPS la, fo ou gen yen kalifikasyon sa yo:
- Ou dwe yon ayisyen natif natal ki te abite Ayiti;
- Ou dwe viv nan peyi Etazini avan Janvye 12, 2010;
- Ou dwe rete nan Etazini fizikman depi piblikasyon federal la pase pou TPS la;
- Ou dwe gen kalifikasyon ke lwa a mande;
- Ou dwe komplete tout aplikasyon proses TPS e registrasyon an.
Note: Ou dwe fe antansyon avan ou aplike TPS. Li empoten pou aplikasyon an bien fet e pou ou voye'l bay imigrasyon nan dat yo mande a. Si ou pa fe li jan yo mande, ou ka pedi chans pou jwen benefis TPS lan. Li ekstrememan empotan pou ou al jwen yon avoka ki konn lwa ameriken an pou li aide ou avec proses an.
Nou represante yon gran nomb Ayisyen nan region Floride lan depi 20 an ki pase yo. Nan ofis avoka nou an (LAW OFFICES OF RHONDA F. GELFMAN, P.A.) ki sitiye nan North Miami Beach, nou oufri konsiltasyon gratis pou tout moun ki interese fe TPS lan. Nou voye kodoleans bay tout Ayisyen nan moman dezas e nou ap bay kominote a tout sipo nou. Si ou interese vin we yon avoka pou regle zafe imigrasyon ou, vin jwenn oswa rele office nou an. Nou la set jou pa semen e 24 sou 24 pou nou reponn a tout kesyon ou. Rele noun an (305) 944-9120.
Мы говорим по русски | Se habla español | pale creol.
The hiring of a lawyer is an important decision that should not be based solely upon advertisements. Before you decide, ask us to send you free written information about our qualifications and experience.This web site is designed for general information only. The information presented at this site should not be construed to be formal legal advice nor the formation of a lawyer/client relationship.
Legal Web Design by A Pivotal Strategies Consultancy Corp.